VillaEnpozeMounMeteyonAtikpouKouvriFigiyoanPiblik;PenaliteSivilpouVyol

Published on June 25, 2020

COVID-19 Updates

Vil Miami adopte yon lòd ijans ki oblije tout mounmete yon atik pou kouvri figi an piblik tout tan epi jiska pwochen anons la, mengen eksepsyon ki limite epi espesifik. Anplisdesa, Komisyon Minisipal Vil Miamian te apwouve jodi a yon òdonans ijans ki otorize Vil la bay sanksyon enfraksyonsivil ki pa penal bay moun oswa pwopriyete ki pa respekte lòd pou kouvri figi,koumanse touswit. Aksyon sa a anplas pandan kantite ka enfeksyon COVID-19 yo toupatou nan vil ak Eta a ap kontinye ogmante.

"Pandan ke kantite ka enfeksyon COVID-19 nan kominote nou an ap ogmante,chak rezidan Miami san eksepsyon dwe kanpe djanm epi fè tout sa yo kapab poukwape ogmantasyon sa a, etan y ap mete atik pou kouvri figi yo chak fwa yo koteki piblik", se sa Administratè Vil Miami, Art Noriega, te deklare. "Nou dwe ederalanti pwopagasyon COVID-19, epi enfraksyon sivil nou te apwouve jodia montrejan sitiyasyon nou an grav. Vil la angaje li pou distribye mask gratis bay toutrezidan Miami ki pa genyen pou keneb rezidan nou yo an sekirite."

Òdonans enfraksyon sivil ki apwouve mande pou tout moun ki vyole lòd ijans poupwoteksyon figi obligatwa pral resevwa yon avètisman aloral pou premyeenfraksyon yo. Anpatikilye, pèsonèl Vil la pral bay moun ki vyole lò la pou premyefwa ki pa gen mask, yon mask gratis. Si yo bare yo yon dezyèm fwa, yo pralresevwa yon amann $50, epi yon twazyèm enfraksyon pral debouche sou yonpwomès pou parèt nan tribinal. Depatman Polis Miami ak Depatman MizanplasKòd la pral mete anplas nouvo òdonans la.

Dapre òdonans ijans yo adopte konsènan pwoteksyon pou figi, tout moun nan Vil Miami, kèlkeswa si yo rezidan, vizitè oubyen nan vil la pou travay, y ap oblije meteyon pwoteksyon pou figi tout tan pandna yo nan yon espas piblik. Òdonans laprevwa eksepsyon ki endike anba la a:

  • Timoun ki poko gen 2zan;
  • Yon moun k ap fè travay deyò oubyen k ap fè egzèsis avèk bonjan distanssosyal anplas;
  • Yon moun ki gen youn oswa plizyè pwoblèm medikal oswa andikap kianpeche l mete yon Pwoteksyon pou Figi;
  • Yon moun y ap bay yon sèvos ki gen pou wè ak nen oswa figi li, kote li oblijeretire pou yon ti tan Pwoteksyon pou Figi a pou yo ka ba li sèvis la;
  • Yon moun k ap travay nan yon pwofesyon kote itilizasyon yon Pwoteksyonpou Figi p ap konpatib ak obligasyon pwofesyon an;Yon moun k ap manje oswa bwè; epi
  • Yon moun ki mal pou tande oubyen yon moun k ap kominike ak yon lòt mounki mal pou tande.

W ap jwenn tout lòd pou kouvri figi a ansanm ak avi a annapre a.