Vil la Kreye yon Patenarya ak University of Miami pou Ofri Tès COVID-1

Published on July 28, 2020

COVID-19 Updates

Vil Miami ap asosye li ak University of Miami Miller School of Medicine pou ofri tès COVID-19 gratis bay tout timoun lokal yo ki gen tout laj semèn pwochèn. Tès yo se sou randevou sèlman epi plas disponib ant 8è:00 a.m. ak 2è:00 p.m. toulejou apatide lendi 3 dawout jiska vandredi 7 dawout.

Tout tès yo pral fèt nan Curtis Park grasa Klinik Mobil Pedyatrik UM lan nan: 1901 NW 24th Avenue, Miami, FL 33125. Pou pwograme yon randevou, tanprirele nan 305-243-2059. Sèvis tès gratis la posib grasa yon patenarya ant Vil Miami, University of Miami Miller School of Medicine ak Children's Trust.