Pisin, Plaj Lanmè ak Teren Baskètbòl nan VilMiami Pral Kòmanse Re-Louv

Published on May 31, 2020

COVID-19 Updates

Jodi a, Vil Miami te anonse yon òdonans ki otorize pisin, teren baskètbòl ak teren tenis prive pou re-louvri avèk restriksyon koumanse demen 1ye jen, pandan plaj lanmè piblik ak yon kantite limite pisin piblik al re-louvri avèk restriksyon koumanse lendi 8 jen. Anplisdesa, teren baskètbòl ki sitye nan 26 nan pak Vil Miami a ki te re-louvri dènyèman pou izaj limite demen 1ye jen.

"Semèn sa a, Vil Miami ap re-louvri etablisman divètisman piblik ak prive pou rezidan nou yo kapab soti deyò epi fè egzèsis", se sa Majistra Miami FrancisSuarez te deklare. "Pandan n ap re-louvri vil nou an gradyèlman, mwen mande pour ezidan yo kontinye respekte règ ki anpals yo pou kenbe nou tout an sante epi anpeche yon nouvo ogmantasyon ka COVID-19 pa rive. Chak nan nou gen yon wòl pou jwe pou asire byennèt tout moun nan lasosyete."

Règ Jeneral yo
Distans sosyal obligatwa nan tout etablisman yo – piblik ak prive – k ap re-louvri semèn sa a. Anplisdesa, lè plaj lanmè nan Vil Miami pral re-louvri semèn pwochèn, moun ki prale lanmè dwe mete mask yo lè yo rive epi lè yo kite plaj la. Annapre, w ap jwenn règ espesifik ki anplas pou teren baskèkbòl ak pisin ki piblik ak prive yo nan Vil Miami.

Baskètbòl

  •  Teren piblik ak prive re-louvri 1ye jen
  • Se yon sèl moun ki gendwa jwe sèlman
  • Pa plis pase 3 (3) jwè sou yon demi-teren
  • Pati enpwovize entèdi 
  • Pati òganize pa otorize

Pisin Piblik yo

  • Yon kantite pisin piblik limite pral re-louvri nan dat 8 jen
  • Vizitè yo dwe reponn kesyon konsènan tanperati kò yo ak depistaj anvan pou yo otorize antre
  • Izaj pisin la limite a 50 minit pou chak vizit

Plaj Piblik yo

  • Plaj piblik yo nan Vil Miami pral re-louvri nan dat 8 jen

Enstalasyon yo
Òdonans pou re-louvri an aplikab pou etablisman piblik ak prive toupatou nan vil la :

  • Teren baskèt ki sitye sèlman nan 26 pak Lavil ki sot re-louvri Pisin Jose
  • Marti, Pisin Shenandoah, Pisin Gibson, Pisin Sant pou Rame Miami Rowing Center Pool, Miller J. ak Pisin Natasyon Olenpik Nancy S. Dawkins
  • Plaj lanmèpiblik andedan limit Vil yo: North Point Beach ak Historic Virginia Key Beach ki sou Virginia Key
  • Pisin kominotèprive nan bilding kondominyòm/apatman toupatou nan Vil la
  • Teren tenis ak baskèt prive toupatou nan vil la

Tanpri al gade dokiman ki anba la yo pou kapab wè tout òdonans Vil la nèt ki otorize pou yo re-louvri etablisman ki dekri anlè yo.