Hardemon Demare Pwogram Devlopman Ekonomik ak Pwogram Sipleman Repa

Published on April 29, 2020

COVID-19 Updates

Prezidan Komisyon Vil Miami Keon Hardemon te demare yon pwogram devlopman ekonomik ak sipleman repa pou benefisye restoran ak fanmi yo ki afekte negativman akòz kriz ekonomik pandemi kowonaviris (COVID-19) la lakòz. Pwogram la te kreye aprè Prezidan Hardemon te defann avèk siksè sipò nan men kanmarad konsèy minisipal la pou yo kreye yo fon sipò 1 milyon dola pou sipòte biznis ak fanmi ki an difikilte toupatou nan vil Miami.

Koumanse 1ye me 2020, patisipan adilt yo pral resevwa omwens dis (10) koupon chak yo kapab echanje pou yon repa nan nenpòt restoran yo chwazi k ap patisipe nan pwogram la. Restoran yo tankou House of Wings, BonGout BBQ, Ms. Cheezious, Lemoni Café Inc., ak House of Mac tout te dakò pou patisipe nan pwogram la. Chak restoran pral touche pou repa yo founi yo ann echanj pou koupon yo resevwa yo.

Nouvo pwogram inovatè sa a dekouraje gwo rasanbleman moun ki reprezante efò distribisyon manje tradisyonèl kote yo voye moun ki gen koupon yo dirèkteman nan restoran yo pito a pou resevwa yon repa nan moman ki pi bon pou yo.

Lè nou elimine gwo rasanbleman patisipan ak volontè, nou respekte rekòmandasyon distans sosyal administrasyon lokal yo tabli. Pwogram la ankouraje tou pou rezidan yo depanse lajan nan kominote lokal pou ede garanti restoran yo kontinye travay pandan kriz la.

Prezidan Hardemon esplike ke: “Pandan peryòd ensèten sa a, mwen vle asire m ke rezidan yo ak moun pwòch yo gen aksè nan repa ki nitritif biznis yo pare pou yo nan kominote nou an.”

Prezidan Keon Hardemon se yon avoka defans dwa penal epi reprezantan Distri 5 nan Komisyon Vil Miami a. Li te pran diplom Lisans li nan Administrasyon Antrepriz ak yon Metriz nan Jesyon Antrepriz nan Florida Agricultural and Mechanical University, ak yon doktora nan University of Miami School of Law.Pami eksperyans pwofesyonèl li, gen ladann lè li t ap travay pou Pfizer, Inc. ak antanke defansè piblik-adjwen. Yo te eli li pou premye fwa an 2013 avèk prèske 75% nan vòt total yo, apresa li te re-eli san opozisyon an 2017.

Si ou gen nenpòt kesyon konsènan pwogram, kontakte Natalya Sangster nan nsangster@miamigov.comoubyen rele nan (305) 250-5390.