Le 26 Jiyè, 2007, Komisyon Vil la yon agreman ki ap otrize pou remèt fon pou frè ponpye. Vil la te dakò pou’l mete yon fon de kote ki genyen yon montan $15,550,000, pou remèt nenpòt nan mèt kay yo ki nan Vil Miami an ki te peye frè evalwasyon pou ponpye nan lane (1997-1998 jiska 1999-2000), oubyen ki te peye pou Ajisteman fre Dife a (2000-2001 jiska 2006-2007), epi tou kouvri frè avoka ak administrasyon.
Evalwasyon saa pa’p fini pa zavan ke tribinal la apwouve li. Tribinal la gen anpil chans pou li planifye yon chita tande nan mwa k’ap vini la yo pou reveze regleman sou evalwasyon an.
Nan moman saa pa genyen yo montan fix ki detèmine konbyen kòb k’ap retounen jwenn mèt chak kay yo. Y’ap genyen pou yo kalkile montan lajan ke y’ap retounen an avan ke yo remèt chèk yo bay moun ki te remèt fòm pou demand la epi pou detèmine plizyè lòt bagay: 1) Konbyen enterè ki genyen sou montan ki la kounouye a. 2) Konbyen valè sa ap koute pou gran tribunal la ak frè avoka yo; 3) konbyen ke Tribinal Administrasyon ; epi; 4) konbyen moun ki kalifye kòm mèt kay ki aplike pou lajan saa.Chak moun ke yo idantifye kòm rezidan ak mèt propriyete nan Vil Miami an ap resevwa yon lèt pou ki fè yo konnen si yo kalifye pou remèt lajan yo. Nan lèt la ap genyen yon demand pou retounen lajan ap resevwa yon fòm ak enstriksyon pou’w konn kijan pou aplike pou lajan an.
Pou enfomasyon ki pi detaye pou'w konnen kijan pou aplike pou remet lajan an ou kapab rele nan 1-800-981-7567 oubyen vizite http://www.miamifirefeesettlement.com/.
Si tout fwa ou ta genyen yon keksyon byen espesifik Konseye Clas la Richard L. Williams, Esq., Michael Garcia-Petit, Esq., oubyen Patrick A. Scott, Esq. nan 305-324-5101. Fire Fee Information
Informe Sobre el Impuesto de Bomberos/Rescate
|